Betania gen 17 an kounye a, men nan ti lavi li, li te fè fas ak anpil difikilte. Li te pèdi manman l lè li te gen 12 an. Se te touswit apre lanmò manman l ke Betania te rive nan Klinik Fanmi an, akonpaye pa papa l. Li te rive ak yon sante ki pa t bon, tankou anflamasyon nan kò a, anemi, ak gwo doulè. Rezilta tès VIH li a te pozitif. Li te enskri touswit nan pwogram pedyatri Klinik Fanmi an, kote li te resevwa swen medikal ak tretman.
Papa l, ki te santi li pa t ap ka byen pran swen l san manman l, te deside mete l nan yon òfelina. Depi lè sa a, Betania te fè eksperyans chanjman nan konpòtman li. Li pa pale, li pa respekte medikaman li yo, li pa vle vin nan randevou li yo, epi li montre yon konpòtman eksplozif. Sa te fè òfelina a deside pou yo pa kenbe l an 2015.
Lanmou yon papa pouse l goumen pou pitit fi li. Li akonpaye l nan randevou medikal li yo, menm si li refize, epi Klinik Fanmi an asiyen yon travayè kominotè pou swiv avè l. Apre plizyè vizit ak entèvansyon avèk li menm ak papa l, pa travayè a, depatman sante mantal la, ak pedyat li a, Betania kòmanse chanje konpòtman li.
Jodi a, Betania an trè bon sante. Li gen yon relasyon amoni ak papa l tou. Li respekte medikaman li yo epi li pa janm rate randevou li yo. Li te aprann ke lanmou chanje tout bagay. L ap etidye epi li gen anpil objektif pou lavni, ke l ap siman reyalize avèk lanmou papa l, sipò Klinik Fanmi an, ak pwòp efò ak detèminasyon li.